Lamentations 2:17
Seyè a fè sa li te di li t'ap fè a. Li kenbe pawòl li te di depi nan tan lontan an. Li kraze san gade dèyè. Li fè lènmi nou yo genyen batay la sou nou. Li fè yo kontan wè jan nou fini.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:14Men tou, si nou pa koute m', si nou pa vle fè tou sa m' mande nou fè la a, m'ap peni nou.
Deuteronomy 29:18Piga pesonn nan mitan nou, ni fanm ni gason, nan ankenn fanmi ni branch fanmi pèp la vire do bay Seyè a, Bondye nou an, pou y' al sèvi zidòl moun sa yo. Piga pesonn nan mitan nou tounen yon move grenn k'ap detounen pèp la, k'ap anpwazonnen l'.
Deuteronomy 32:15Pitit Jakòb yo manje plen vant yo! Yo vin gra, y'ap pete nan po yo, yo konmanse voye pye. Yo voye Bondye ki te fè yo a jete. Yo vire do bay Bondye ki t'ap pwoteje yo a, Bondye ki te delivre yo a.
Psalms 38:16(038:17) Paske, mwen di nan kè m': -Pa kite yo fè fèt sou tèt mwen, pa kite yo moute sou mwen si pye m' chape.
Psalms 89:43(089:44) Ou kase dan tout zam li yo, ou kite yo kraze l' nan lagè.
Jeremiah 40:3Koulye a sa li te di li t'ap fè a, li fè l'. Sa ki lakòz? Se paske pèp ou a te antò devan Seyè a, yo pa t' vle koute l'.