Lamentations 2:18
Jerizalèm, ou mèt kite miray ou yo rele nan pye Seyè a. Kite dlo koule nan je ou tankou larivyè, lajounen kou lannwit! Pa pran kanpo menm! Pa kite dlo nan je ou cheche!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 119:145M'ap rele nan pye ou ak tout kè mwen. Reponn mwen, Seyè, pou m' ka toujou fè sa ou vle m' fè.
Jeremiah 4:31Mwen tande yon rèl, tankou rèl fanm ki gen tranche, rèl fanm k'ap fè premye pitit li. Se rèl moun lavil Jerizalèm yo k'ap chache pran souf. Y'ap lonje men yo. Y'ap rele: -Anmwe! Nou pa kapab ankò! Men y'ap fin touye nou.
Jeremiah 9:17Men sa Seyè a di ankò: -Kalkile sou sa ki gen pou rive a! Rele medam yo pou yo vin kenbe rèl la pou nou! Voye chache sa ki konn rele yo! Fè yo vini!
Jeremiah 14:17Men sa w'a di yo ankò: -Se pou je m' koule dlo san rete lajounen kou lannwit, paske pèp mwen an tankou yon tifi ki pran gwo frakti, l'ap soufri rèd soufri.
Lamentations 1:16Se poutèt sa m'ap kriye konsa! Dlo ap ponpe nan je m' san rete. Pa gen pesonn pou konsole m', pesonn pou ban m' kouraj. Lènmi m' yo gen pye yo sou kou mwen. Moun mwen yo pa gen anyen ankò.
Lamentations 3:48De je m' yo ap ponpe dlo tankou larivyè, lè m' wè malè ki tonbe sou pèp mwen an!