Lamentations 2:21
Jenn gason kou granmoun mouri atè nan mitan lari. Jenn tifi yo ak jenn tigason yo mouri nan lagè! Jou ou fè kòlè a, ou touye moun, ou kraze moun san gad dèyè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 6:21Yo ofri tou sa ki nan lavil la bay Seyè a. Avèk nepe yo, yo touye tout moun nan lavil la, fanm kou gason, granmoun kou timoun, tout bèf, tout mouton, tout bourik.
2 Chronicles 36:17Se konsa Seyè a fè wa Babilòn lan moute vin atake yo. Wa a touye tout jenn gason peyi Jida a nan Tanp lan menm. Li pa t' gen pitye pou pesonn, granmoun kou timoun, fanm kou gason, malad ou pa malad. Bondye lage yo tout nan men wa a.
Psalms 78:62Li te fache nèt sou pèp li a, li kite lènmi touye yo nan lagè.
Jeremiah 4:31Mwen tande yon rèl, tankou rèl fanm ki gen tranche, rèl fanm k'ap fè premye pitit li. Se rèl moun lavil Jerizalèm yo k'ap chache pran souf. Y'ap lonje men yo. Y'ap rele: -Anmwe! Nou pa kapab ankò! Men y'ap fin touye nou.
Jeremiah 9:20Mwen di: -Nou menm medam, koute sa Seyè a ap di. Louvri zòrèy nou pou nou tande pawòl k'ap soti nan bouch li. Moutre pitit fi nou yo jan pou yo plenn. Y'a moutre zanmi fi yo jan pou yo rele.
Jeremiah 11:22Enben, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: M' pral regle ak yo! Jenn gason yo pral mouri nan lagè. Pitit gason ak pitit fi yo pral mouri grangou.