Lamentations 2:22
Ou fè moun k'ap fè m' pè yo soti toupatou pou yo vin danse, fè fèt sou do m'. Lè Seyè a move, pesonn pa ka chape, tout moun gen pou mouri. Lènmi m' yo touye ata timoun mwen te renmen yo, timoun mwen te elve yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 36:17Se konsa Seyè a fè wa Babilòn lan moute vin atake yo. Wa a touye tout jenn gason peyi Jida a nan Tanp lan menm. Li pa t' gen pitye pou pesonn, granmoun kou timoun, fanm kou gason, malad ou pa malad. Bondye lage yo tout nan men wa a.
Isaiah 24:17Nou menm ki rete sou latè, se kè sere, se gwo twou, se pèlen ki pare pou nou!
Jeremiah 14:19Seyè, gen lè ou voye pèp Jida a jete nèt? Eske ou rayi moun mòn Siyon yo? Poukisa ou frape nou konsa jouk nou pa ka geri a? Nou t'ap tann ou vin delivre nou, anyen pa rive. Nou t'ap tann ou vin geri nou, ou fè nou pè pi rèd.
Jeremiah 20:3Nan denmen maten, Pachou fè yo wete Jeremi nan sèp la. Lè sa a, Jeremi di l' konsa: -Seyè a chanje non ou. Li pa rele ou Pachou ankò. Li menm li rele ou: Malè toupatou.
Jeremiah 46:5Seyè a ap mande: -Kisa nou wè la a? Yo pè, y'ap kouri tounen, yo kraze vanyan sòlda yo anba kou! Y'ap kouri met deyò san gad dèyè. Toupatou tout moun pè.
Hosea 9:13Mwen fè yon vizyon, mwen wè pitit gason moun Izrayèl yo nan yon bèl jaden, epi se moun Izrayèl yo menm ki t'ap mennen yo bay ansasen.