Lamentations 3:37
Depi Bondye Sèl Mèt la pale, se fini! Sa l' di se sak fèt.
Bib La
In The King James Version
Who is he that saith, and it cometh to pass, when the Lord commandeth it not?
In Context
36lè y'ap bay move jijman nan tribinal! Atò, se konnen li pa konnen!
38Tou sa ki rive an byen osinon an mal, se li menm ki penmèt sa.
Cross References
Exodus 10:10Farawon an di yo: -Gade jan nou gen move lide dèyè tèt nou! Mwen ta swete pou Seyè a ede nou vre! Men, mwen p'ap kite nou ale ansanm ak timoun yo.
1 Kings 22:34Lè sa a, yon sòlda peyi Siri a rete konsa li voye yon flèch. Flèch la al pran Akab, wa Izrayèl la, nan fant rad lagè ki te sou li a. Wa a di sòlda ki t'ap mennen cha li a: -Kase tèt tounen. Annou kite batay la, paske mwen blese grav.
Job 2:10Jòb di li: -Pe bouch ou la, madanm! W'ap pale tankou moun fou! Lè Bondye ban nou benediksyon, nou kontan. Atò poukisa pou nou plenyen lè li voye malè sou nou? Malgre tou sa ki te rive l', Jòb pa t' kite ankenn move pawòl soti nan bouch li pou li fè peche kont Bondye.
Psalms 33:9Paske, li pale, bagay la rive. Li bay lòd, tout bagay fèt.
Proverbs 19:21Yon moun te mèt fè tout kalite lide nan tèt li. Men, sa Seyè a vle a, se sa ki pou rive.
Isaiah 46:10Depi nan konmansman, mwen te di jan sa pral ye. Depi davans mwen te fè nou konnen sa ki tapral rive. Mwen te di plan travay mwen gen pou rive fèt vre. M'ap fè tou sa mwen te vle fè a.