Lamentations 3:42
Nou peche, nou kenbe tèt avè ou! Men, ou menm ou pa padonnen nou.
Bib La
In The King James Version
We have transgressed and have rebelled: thou hast not pardoned.
In Context
41Ann leve bra nou nan syèl la, ann lapriyè nan pye l'!
43Ou move pi rèd, ou fann nan kò nou! Ou te san pitye. Ou touye nou.
Cross References
2 Kings 24:4ak pou kantite moun inonsan li te touye jouk tout lari Jerizalèm te plen san. Seyè a pa t' vle padonnen ankò.
Nehemiah 9:26Men, yo rete konsa, yo vire do ba ou, yo fè wondonmon. Yo pran lalwa ou la, yo voye l' jete dèyè do yo. Yo touye pwofèt ou te voye ak mesaj pou ba yo avètisman pou yo te ka tounen vin jwenn ou. Se pa ti kras manke yo te manke ou dega!
Jeremiah 3:13Sèlman, se pou nou rekonèt sa nou fè a pa bon. Nou pa t' kenbe pawòl nou avè m', Seyè a, Bondye nou an! Nou t' al toupatou, anba tout kalite pyebwa, pou fè sèvis pou bondye lòt nasyon yo. Nou pa t' koute m' lè mwen t'ap pale nou. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Lamentations 1:18Men, Seyè a gen rezon l' nan pla men l' paske mwen te refize koute l' lè li t'ap pale m'! Nou tout moun ki toupatou, koute m'! Gade jan m'ap soufri! Yo depòte jenn gason ak jenn fi m' yo.
Ezekiel 24:13Jerizalèm, lawouj la se vye malpwòpte ou t'ap fè nan libètinaj ou yo. Mwen te soti pou m' te mete ou nan bon kondisyon, men ou pa rive fin nan bon kondisyon an nèt. Se poutèt sa, ou p'ap janm nan bon kondisyon ankò toutotan mwen pa fè ou santi tou sa mwen ka fè ou nan kòlè mwen.
Daniel 9:8Wi, Seyè, se yon wont pou nou tout, wa nou yo, chèf nou yo, zansèt nou yo, paske nou te fè sa ki mal devan ou.