The Bible Software
bible.software › Lamentations › Lamentations 1 › Lamentations 1:18

Lamentations 1:18

Men, Seyè a gen rezon l' nan pla men l' paske mwen te refize koute l' lè li t'ap pale m'! Nou tout moun ki toupatou, koute m'! Gade jan m'ap soufri! Yo depòte jenn gason ak jenn fi m' yo.

Bib La

In The King James Version

The LORD is righteous; for I have rebelled against his commandment: hear, I pray you, all people, and behold my sorrow: my virgins and my young men are gone into captivity.

In Context

17Mòn Siyon an lonje men l', men, pa gen pesonn pou ba l' kouraj. Seyè a rele tout moun ki pa vle wè peyi Jakòb la, pou yo sènen l' toupatou. Lavil Jerizalèm tounen malpwòpte nan mitan yo.

19Mwen rele zanmi m' yo. Men, yo pa okipe m' menm! Prèt yo ak chèf fanmi yo mouri nan lavil la pandan y'ap chache manje pou yo reprann fòs.

Read all of Lamentations 1

Cross References

Deuteronomy 28:32N'a wè ak je nou y'ap pran pitit gason ak pitit fi nou yo bay moun lòt nasyon. Tout lè n'a anvi wè yo ankò, men p'ap gen anyen nou ka fè pou sa.

Deuteronomy 32:4Se Seyè a k'ap pwoteje nou. Tou sa li fè bon nèt. Li pa nan patipri nan anyen l'ap fè. Bondye nou an ap toujou kenbe pawòl li Li pa nan bay manti. Li fè sa ki dwat, li pa fè ankenn lenjistis.

1 Samuel 12:14Tansèlman, Seyè a, Bondye nou an, va kanpe avèk nou si nou gen krentif pou li, si nou sèvi l', si nou koute sa li di nou, si nou fè tou sa li mande nou fè, si nou menm ansanm ak wa k'ap gouvènen nou an nou fè volonte li nan tou sa n'ap fè.

1 Kings 9:8Tanp sa a va tounen yon vye mazi. Tout moun ki va pase bò la va sezi, y'a met men nan bouch. y'a mande poukisa Seyè a fè peyi a ak tanp lan sa.

Ezra 9:13Apre tou sa ki te rive nou, yon jan pou ou te pini nou pou move zak ak tout bagay mal nou te fè yo, nou wè, O Bondye nou, ou pa t' pini nou jan nou te merite l' la. Ou te kite yon ti rès nan nou ap viv toujou, nou menm ki la koulye a.

Nehemiah 9:26Men, yo rete konsa, yo vire do ba ou, yo fè wondonmon. Yo pran lalwa ou la, yo voye l' jete dèyè do yo. Yo touye pwofèt ou te voye ak mesaj pou ba yo avètisman pou yo te ka tounen vin jwenn ou. Se pa ti kras manke yo te manke ou dega!

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Lamentations 1:18

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Lamentations 1:17Lamentations 1Lamentations 1:19 →