Lamentations 3:43
Ou move pi rèd, ou fann nan kò nou! Ou te san pitye. Ou touye nou.
Bib La
In The King James Version
Thou hast covered with anger, and persecuted us: thou hast slain, thou hast not pitied.
In Context
42Nou peche, nou kenbe tèt avè ou! Men, ou menm ou pa padonnen nou.
44Ou vlope kò ou nan yon gwo nwaj nwa pou lapriyè nou pa rive nan zòrèy ou.
Cross References
Psalms 44:19(044:20) Men ou menm, ki jan ou fè lage nou konsa san sekou nan mitan bèt nan bwa yo? Ou kite nou konsa kote ki fè nwa anpil la.
Psalms 83:15(083:16) se konsa pou ou kouri dèyè yo ak gwo van tanpèt ou a. Fè yo pè ak gwo van siklòn ou yo!
Lamentations 2:17Seyè a fè sa li te di li t'ap fè a. Li kenbe pawòl li te di depi nan tan lontan an. Li kraze san gade dèyè. Li fè lènmi nou yo genyen batay la sou nou. Li fè yo kontan wè jan nou fini.
Lamentations 3:8Tout rele mwen rele byen fò, pesonn p'ap tande m'.
Ezekiel 7:9Mwen p'ap gen pitye pou nou, mwen p'ap fè pa nou. Mwen pral fè nou peye pou tou sa nou fè. Mwen pral regle nou pou tout vye bagay derespektan n'ap plede fè devan je m' yo. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm Seyè a k'ap pini nou.
Ezekiel 9:10Enben, mwen p'ap gen pitye pou yo, mwen p'ap fè pa yo. M'ap fè yo peye pou sa yo fè.