Lamentations 3:59
Seyè, ou wè tout lenjistis y'ap fè m'. Tanpri, defann kòz mwen.
Bib La
In The King James Version
O LORD, thou hast seen my wrong: judge thou my cause.
In Context
58Bondye Sèl Mèt, ou pran ka m' an konsiderasyon. Ou sove lavi m'.
60Ou wè jan yo soti pou pwofite sou mwen, jan y'ap fè konplo pou touye m'.
Cross References
Psalms 9:4(09:5) Tankou yon jij ki san patipri, ou chita sou fotèy ou. ou fè m' jistis, ou defann kòz mwen.
Psalms 26:1Se yon sòm David. Fè m' jistis, Seyè, paske m'ap viv yon jan ki san repwòch. Mwen mete tout konfyans mwen nan ou, mwen pa janm lage ou.
Psalms 35:23Leve non, Seyè, vin pran defans mwen! Leve non, Bondye mwen, vin plede kòz mwen!
Jeremiah 11:19Mwen menm, mwen te tankou yon ti mouton tou dou yo t'ap mennen labatwa, mwen pa t' konnen se sou do m' yo t'ap konplote konsa lè yo t'ap di: Annou koupe pyebwa ki byen kanpe a. Ann disparèt li sou latè pou pesonn pa chonje l' ankò.
Jeremiah 15:10Ala yon malè pou mwen! O manman mwen, poukisa ou te fè m'? Mwen nan kont, mwen nan pale anpil ak tout moun nan peyi a. Mwen pa prete moun lajan, mwen pa prete lajan nan men moun. Malgre sa, tout moun ap ban m' madichon.
Jeremiah 20:7Seyè, ou pran tèt mwen, wi, mwen kite ou pran tèt mwen. Ou pi fò pase m'. Se ou ki genyen. Tout lajounen moun ap ri m'. Yo tout ap pase m' nan rizib.