Lamentations 4:5
Moun ki te konn manje bon manje gou ap tonbe faya nan lari. Moun ki te elve nan gran kay ap chache manje nan fatra.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Peche lavil Jerizalèm pi gwo pase peche lavil Sodòm, ki te rete konsa Bondye disparèt li.
Cross References
Deuteronomy 28:54Menm moun nou konnen ki pi bon nan mitan nou an, moun ki pa janm nan kont ak pesonn lan, enben menm li menm, l'a fèmen kè l', li p'ap konn frè, li p'ap konn madanm li te renmen an, ni ankenn pitit nan sa ki rete l' yo,
2 Samuel 1:24Medam pèp Izrayèl yo, rele pou Sayil! Li te konn ban nou bèl rad koulè violèt ki koute byen chè, ak bèl bijou an lò pou mete sou nou.
Job 24:8Lapli k'ap tonbe sou mòn yo mouye yo jouk nan zo. Yo kwoupi kò yo dèyè wòch pou pare lapli.
Isaiah 3:16Seyè a di: Gade jan medam lavil Jerizalèm yo ye non! Y'ap mache tankou yo pa kanmarad pesonn. Yo kage tèt yo dèyè, y'ap fè mesye yo je dou. Y'ap mache banda pou braslè nan pye yo ka sonnen.
Isaiah 32:9Nou menm medam k'ap viv alèz yo, leve non. Koute sa m'ap di! Nou menm medam ki san pwoblèm yo, louvri zòrèy nou tande sa m'ap di:
Jeremiah 9:21Lanmò ap pase nan fennèt yo. L'ap antre nan gwo bèl kay nou yo. Li pase men l' pran timoun nan lari, ak jenn gason sou plas mache yo.