The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 9 › Jeremiah 9:21

Jeremiah 9:21

Lanmò ap pase nan fennèt yo. L'ap antre nan gwo bèl kay nou yo. Li pase men l' pran timoun nan lari, ak jenn gason sou plas mache yo.

Bib La

In The King James Version

For death is come up into our windows, and is entered into our palaces, to cut off the children from without, and the young men from the streets.

In Context

20Mwen di: -Nou menm medam, koute sa Seyè a ap di. Louvri zòrèy nou pou nou tande pawòl k'ap soti nan bouch li. Moutre pitit fi nou yo jan pou yo plenn. Y'a moutre zanmi fi yo jan pou yo rele.

22Seyè a di: -Kadav yo gaye toupatou, tankou fimye yo simen nan jaden, tankou grap diri moun k'ap ranmase rekòt yo kite atè. Pa gen pesonn pou ranmase yo.

Read all of Jeremiah 9

Cross References

Jeremiah 6:11Kòlè Seyè a ap bouyi nan kè m' tou, m' pa ka kenbe ankò. Lè sa a, Seyè a di m': -Al pase kòlè m' sou timoun ki nan lari yo, sou gwoup jenn gason ki reyini yo. Y'ap pase men pran tout moun, fanm kou gason. Ata vye granmoun ki fin viv yo p'ap chape.

Jeremiah 8:2Yo pral kite yo atè a konsa devan solèy la, devan lalin lan, devan zetwal yo ki nan syèl la, paske se bagay sa yo moun sa yo te renmen, se sa yo t'ap sèvi, se sa yo t'ap swiv. Se sa yo t' al mande sa pou yo fè. Se pou yo yo t'ap fè sèvis. Pesonn p'ap ranmase zosman yo pou antere yo. Y'a tounen fimye atè a.

Ezekiel 9:5Mwen tande li di lòt mesye yo: -Mache dèyè l' nan tout lavil la. Epi touye! Pa gen pitye pou pesonn. Pa kite pesonn chape!

Amos 5:2Pèp Izrayèl la tankou yon jenn fi. Li tonbe. Li p'ap janm leve ankò. Men li kouche atè a. Pa gen pesonn pou ba l' men.

Zephaniah 1:17Seyè a te di ankò: -Mwen pral manyen ak lèzòm! Yo pral tatonnen tankou avèg, paske yo te peche kont Seyè a. San yo pral koule kou dlo, kadav yo pral pouri tankou fatra.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 9:21

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 9:20Jeremiah 9Jeremiah 9:22 →