Lamentations 5:15
Pa gen kè kontan lakay nou. Nou pa danse ankò! Lapenn plen kè nou!
Bib La
In The King James Version
The joy of our heart is ceased; our dance is turned into mourning.
In Context
14Granmoun yo pa chita nan pòtay lavil la ankò. Jennmoun nou yo pa chante ankò.
16Tou sa ki te konn ban nou kè kontan disparèt. Nou te peche, malè tonbe sou nou.
Cross References
Job 30:31Lontan se mizik gita ak fif ase ki te nan zòrèy mwen. Men, koulye a, se plenn, se kriye ase m'ap tande.
Jeremiah 25:10M'ap fè yo p'ap tande moun ap pran plezi yo la. Yo p'ap tande vwa moun ki gen kè kontan. Yo p'ap tande yo fè fèt pou moun k'ap marye. M'ap fè p'ap gen grenn pou moulen, p'ap gen lwil pou mete nan lanp.
Amos 8:10M'ap fè nou sispann fè fèt. N'a nan gwo lapenn. M'ap fè nou sispann chante, n'a nan rele. M'ap fè nou mete rad sak kòlèt sou nou. N'a kale tèt nou. M'ap fè nou tonbe nan lapenn tankou moun k'ap kriye pou sèl pitit gason yo ki mouri. Se nan kè sere jounen sa a ap fini pou tout moun.