Lamentations 5:16
Tou sa ki te konn ban nou kè kontan disparèt. Nou te peche, malè tonbe sou nou.
Bib La
In The King James Version
The crown is fallen from our head: woe unto us, that we have sinned!
In Context
15Pa gen kè kontan lakay nou. Nou pa danse ankò! Lapenn plen kè nou!
17Nou malad nan fon kè nou, nou pa ka wè tèlman n'ap kriye,
Cross References
1 Samuel 7:6Se konsa yo tout sanble lavil Mispa. Yo tire dlo, yo vide l' atè tankou yon ofrann pou Seyè a. Jou sa a, yo rete san manje. Epi yo di: -Nou peche kont Seyè a! Samyèl te rete lavil Mispa, se la li te konn regle tout bagay pou pèp Izrayèl la.
Psalms 89:39(089:40) Ou pa menm okipe kontra ou te fè avèk sèvitè ou la. Ou pran kouwòn ki te sou tèt li a, ou voye l' jete nan labou.
Isaiah 3:8Wi, lavil Jerizalèm bannann! Peyi Jida a nan tou sa ki pa bon! Paske tou sa yo di, tou sa yo fè pa dakò ak sa Seyè a vle. Devan tout moun y'ap kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a.
Jeremiah 2:17Se nou menm ki chache sa, paske nou vire do bay Seyè a, Bondye nou an, antan li t'ap moutre nou chemen pou nou pran an.
Jeremiah 4:18Jida, se lenkondite ou ak move lajisman ou ki lakòz tou sa. Se mechanste ou ki fè sa rive ou. Sa pa dous menm! Li frape ou nan kè.
Jeremiah 32:23Yo rive nan peyi a, yo pran l' pou yo, men yo derefize koute ou. Yo pa viv jan ou te mande yo viv la. Yo pa fè tou sa ou te ba yo lòd fè a. Se konsa, ou voye tout gwo malè sa a sou yo jòdi a.