Leviticus 1:17
Apre sa, l'a bay yon kout kouto nan mitan de zèl yo, l'a kenbe zèl yo, l'a louvri kò zwazo a ande san li pa detache zèl yo. Lèfini, prèt la va boule l' nèt sou dife ki sou lotèl la. Se sa yo rele yon ofrann bèt yo boule pou Seyè a, yon ofrann ou boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 8:21Lè Bondye pran bon sant lan, sa te fè l' plezi. Li di nan kè l' -Mwen p'ap janm bay tè a madichon ankò poutèt sa lèzòm fè, paske depi yo jenn, se move lide ase ki nan kè yo. Mwen p'ap janm detwi tout bèt vivan yo ankò, jan mwen sot fè l' la.
Leviticus 1:9Moun k'ap fè ofrann lan va lave tripay yo ak pye dèyè yo nan dlo. Lèfini, prèt yo va ofri yo bay Seyè a. Konsa y'a boule tout ofrann lan nèt sou lotèl la. Se sa yo rele yon ofrann bèt ou boule pou Seyè a, yon ofrann ou boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
Leviticus 2:2Lèfini, l'a pote l' bay prèt yo, pitit Arawon yo. Yonn nan prèt yo va pran yon ponyen nan farin melanje ak lwil la ansanm ak tout lansan an, l'a boule l' nèt sou lotèl la, pou Seyè a pa janm bliye nonm ki fè ofrann lan. Se sa yo rele yon ofrann yo boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
Leviticus 5:8L'a pote yo bay prèt la. Prèt la menm va ofri zwazo pou peche a anvan. L'a kase kou zwazo a, san li pa separe tèt la ak rès kò a.
Leviticus 8:21Moyiz lave tripay yo ak pye yo nan dlo. Apre sa li boule tout towo a nèt sou lotèl la. Se te yon bèt li ofri pou boule nèt nan dife pou Seyè a, yon ofrann bèt k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li, dapre lòd Seyè a te ba li.
Numbers 28:8Nan aswè, n'a boule dezyèm ti mouton an menm jan nou te fè l' nan maten an. N'a fè ofrann farin frans lan tou ansanm ak bwason an. Se va yon manje n'a boule nèt pou Seyè a, yon ofrann k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.