Leviticus 1:9
Moun k'ap fè ofrann lan va lave tripay yo ak pye dèyè yo nan dlo. Lèfini, prèt yo va ofri yo bay Seyè a. Konsa y'a boule tout ofrann lan nèt sou lotèl la. Se sa yo rele yon ofrann bèt ou boule pou Seyè a, yon ofrann ou boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 29:18W'a ofri tout belye a ban mwen. W'a boule l' nèt sou lòtèl la. Sa se yon ofrann bèt w'a boule nèt pou Seyè a, yon ofrann bèt ki fèt pou boule nèt nan dife, yon ofrann bèt k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
Leviticus 1:13Moun k'ap fè ofrann lan va lave tripay yo ak pye dèyè yo nan dlo. Apre sa, prèt yo va ofri yo bay Seyè a. Konsa l'a boule tout ofrann lan nèt sou lotèl la. Se sa yo rele yon ofrann bèt ou boule pou Seyè a, yon ofrann ou boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
Leviticus 2:2Lèfini, l'a pote l' bay prèt yo, pitit Arawon yo. Yonn nan prèt yo va pran yon ponyen nan farin melanje ak lwil la ansanm ak tout lansan an, l'a boule l' nèt sou lotèl la, pou Seyè a pa janm bliye nonm ki fè ofrann lan. Se sa yo rele yon ofrann yo boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
Leviticus 2:16Prèt la va pran ti gout nan ofrann manje a ak nan lwil la, l'a boule l' ansanm ak tout lansan an. Se sa yo rele yon ofrann manje yo boule nan dife pou Seyè a.
Leviticus 3:11Prèt la va boule tou sa sou lotèl la. Se konsa y'a sèvi pou fè yon ofrann boule nèt pou Seyè a.
Leviticus 8:21Moyiz lave tripay yo ak pye yo nan dlo. Apre sa li boule tout towo a nèt sou lotèl la. Se te yon bèt li ofri pou boule nèt nan dife pou Seyè a, yon ofrann bèt k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li, dapre lòd Seyè a te ba li.