2 Chronicles 15:3
Pandan lontan, pèp Izrayèl la t'ap viv san Bondye tout bon an, san prèt pou moutre yo sa pou yo fè, san lalwa Bondye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 33:10Y'a moutre pitit Jakòb yo regleman ou yo. Y'a moutre pitit Izrayèl yo lalwa ou la. Y'a boule lansan devan ou, y'a ofri sou lòtèl bèt yo touye pou boule nèt pou ou.
2 Chronicles 17:7Li te gen twazan depi li te wa lè li voye kèk chèf nan tout lavil peyi Jida yo pou moutre pèp la sa pou l' fè. Men non chèf yo: Se te Bennayil, Obadya, Zekaraya, Netaneyèl ak Mikaya.
Nehemiah 8:9Lè pèp la tande sa ki te ekri nan liv lalwa a, yo pran kriye. Lè sa a, Neemi, gouvènè a, ansanm ak Esdras, prèt direktè lalwa a, ak lòt moun Levi yo ki t'ap esplike lalwa a di moun yo konsa: -Jou sa a, se yon jou yo mete apa pou Seyè a, Bondye nou an! Pa kite lapenn anvayi kè nou! Pa kriye, mezanmi!
Lamentations 2:9Pòtay yo atè kouvri anba fatra. Ba pòtay yo kase, yo pa ka sèvi ankò. Yo depòte wa a ak chèf yo nan peyi etranje. Pa gen pesonn pou moutre sa ki nan lalwa. Menm pwofèt yo, Bondye pa pale ak yo nan vizyon ankò.
Hosea 3:4Konsa tou, moun Izrayèl yo pral rete pase kèk tan san wa, san chèf, san fè ofrann bèt, san wòch lotèl, san plastwon pou prèt yo.
Malachi 2:7Se devwa prèt yo pou yo moutre moun sa Bondye ye. Moun al kote yo pou yo ka konnen sa Bondye mande yo fè. Paske se mesaje Seyè ki gen tout pouvwa a yo ye.