Leviticus 10:19
Arawon reponn Moyiz: -Ou wè sa ki rive m' jòdi a? Atout pèp la te fè ofrann pou wete peche li yo ak ofrann pou boule pou Seyè a, mwen t'ap mande m' si m' te manje ofrann peche yo a jòdi a, ou kwè sa ta fè Seyè a plezi?
Bib La
In The King James Version
In Context
20Lè Moyiz tande sa, sa te fè kè l' kontan.
Cross References
Leviticus 9:8Se konsa Arawon pwoche bò lotèl la, li touye ti towo bèf li te bay pou ofrann pou peye pou sa li te fè ki mal.
Deuteronomy 12:7Se la, devan Seyè a, Bondye nou an, n'a fè fèt, n'a manje ansanm ak tout moun nan fanmi nou yo. Se la n'a fè kè nou kontan chak lè Seyè a va beni nou pou li te fè nou fè bèl rekòt.
1 Samuel 1:7Sa kontinye konsa chak lanne pandan lontan. Chak fwa yo te moute ale nan tanp Seyè a, Penina gen pou anbete Ana jouk li fè l' fache. Lè konsa, Ana menm rete ap kriye, li pa vle manje anyen.
Isaiah 1:15Lè n'ap leve bra nou anlè pou nou lapriyè nan pye m', m'ap bouche je m' pou m' pa wè nou. Nou mèt fè lapriyè sou lapriyè, mwen p'ap tande nou! Men nou plen san!
Jeremiah 14:12Yo te mèt fè jèn, mwen p'ap tande rèl yo. Yo te mèt ofri bèt pou boule pou mwen ansanm ak grenn jaden, se pa sa k'ap fè m' kontan ak yo. Okontrè, mwen pral fè yo mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi.
Malachi 1:10Seyè ki gen tout pouvwa a pale, li di: Mwen ta swete yonn nan nou ta fèmen tout pòt tanp lan pou nou pa limen dife pou gremesi sou lotèl mwen an. Mwen pa kontan menm ak nou. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. Mwen p'ap asepte ankenn ofrann nan men nou.