Numbers 5:18
Lèfini, l'a fè madanm lan kanpe devan lotèl Seyè a, l'a wete twal ki sou tèt madanm lan, epi l'a mete ofrann farin lan nan de pla men l' yo. Prèt la menm va kenbe nan men l' veso ki gen dlo anmè a, dlo ki bay madichon an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 5:15nonm lan va mennen madanm lan bay prèt la, epi l'a pote ofrann madanm lan gen pou fè nan ka sa a: se va de liv farin lòj. Li p'ap bezwen vide lwil sou li, ni li p'ap bezwen mete lansan sou li, paske se yon ofrann l'ap fè paske li sispèk kichòy, se yon ofrann l'ap fè pou l' ka konn verite a.
Numbers 5:22Se pou dlo anmè ki bay madichon an antre nan vant ou pou fè l' anfle, pou l' fè ou pa ka janm fè pitit. Madanm lan va reponn: -Mwen dakò. Se pou Seyè a fè m' sa vre, si m' antò!
Deuteronomy 29:18Piga pesonn nan mitan nou, ni fanm ni gason, nan ankenn fanmi ni branch fanmi pèp la vire do bay Seyè a, Bondye nou an, pou y' al sèvi zidòl moun sa yo. Piga pesonn nan mitan nou tounen yon move grenn k'ap detounen pèp la, k'ap anpwazonnen l'.
Proverbs 5:4Men, lè tout bagay fini, bouch li anmè kou fyèl, lang li file tankou kouto de bò.
Isaiah 38:17Ou wete m' nan kè sere m' te ye a. Se ou menm ki wete m' nan bouch twou a. Ou voye tout peche m' yo jete dèyè do ou.
1 Corinthians 11:6Si yon fanm pa kouvri tèt li, li ta mèt tou koupe cheve l' tou. Enben, si se yon wont pou yon fanm koupe cheve l' ou ankò pou l' kale tèt li, se pou l' kouvri tèt li tou.