Leviticus 10:9
-Ni ou menm, ni pitit gason ou yo, nou pa fèt pou nou bwè diven ni ankenn gwòg lè se jou nou gen pou nou antre nan Tant Randevou a. Si nou fè sa n'a mouri. Sa se yon regleman pou nou swiv tout tan, nou menm, pitit nou yo ak pitit pitit nou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Seyè a pale ak Arawon, li di l' konsa:
Cross References
Exodus 27:21Se Arawon ak pitit li yo ki va mete lwil nan lanp sa a, ki nan Tant Randevou a pa deyè rido a, devan Bwat Kontra a. Se la gwo lanp lan va limen devan Seyè a depi aswè jouk maten. Se pou moun Izrayèl yo swiv lòd sa a pou tout tan, de pitit an pitit.
Numbers 6:3se pou l' rete san li pa bwè diven ni okenn bweson ki gen alkòl ladan l'. Ni li p'ap bwè vinèg ki fèt ak diven ni okenn lòt bweson fèmante, ni li p'ap bwè ji rezen. Ata rezen fre osinon rezen chèch li p'ap ka manje.
Proverbs 20:1Twòp bweson fè ou pase moun nan betiz. Twòp gwòg fè ou pete kabouyay, fè lòbèy. Lè ou sou, ou aji tankou moun fou.
Isaiah 28:7Ata pwofèt yo ak prèt yo, yo sitèlman sou, y'ap titibe. Yo sitèlman bwè diven ak gwo gwòg fò, y'ap di betiz, y'ap depale. Pwofèt yo twò sou pou yo konprann anyen nan vizyon Bondye ap fè yo wè. Prèt yo ap depale, yo pa konn sa pou yo di lè moun vin mete yon ka devan yo.
Ezekiel 44:21Prèt yo pa gen dwa bwè diven jou pou yo antre nan ti lakou anndan an.
Luke 1:15L'ap yon grannèg devan Bondye, Mèt la; li p'ap bwè ni diven, ni ankenn alkòl. Depi nan vant manman li, l'ap anba pouvwa Sentespri a.