Leviticus 11:24
Depi yon moun manyen kadav yonn nan bèt sa yo, li pa nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Men, tout lòt ti bètazèl ki gen kat pye pa bon pou nou manje.
Cross References
Leviticus 5:2Si yon moun rive manyen, san li pa konnen, yon bagay moun k'ap sèvi Bondye pa gen dwa manyen, tankou kadav yon bèt ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye, li te mèt yon bèt nan bwa, li te mèt yon bèt kay, li te mèt yon bèt k'ap trennen sou vant, lè l' rive konnen sa l' fè a, li menm tou li pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, epi li antò pou sa l' fè a.
Leviticus 11:8Piga nou janm manje vyann bèt sa yo. Piga nou manyen kadav yo. Yo pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye.
Leviticus 11:31Wi, tout bèt sa yo pa bon pou nou manje. Si yon moun annik manyen kadav yonn nan bèt sa yo, l'a nan kondisyon pou l' pa fè sèvis pou Bondye jouk aswè.
Leviticus 14:46Tout moun ki te antre anndan kay la lè kay la te fèmen an p'ap nan kondisyon pou sèvi Bondye jouk aswè rive.
Leviticus 15:6Konsa tou, tout moun ki chita sou bagay kote li te chita gen pou lave rad ki sou yo, pou yo benyen nan gwo dlo epi yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.
Leviticus 15:8Si nonm malad la krache sou yon moun ki te nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, moun sa a gen pou l' lave rad ki te sou li a, li gen pou l' benyen nan gwo dlo epi li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.