Leviticus 11:25
Tout moun ki pote menm yon moso nan kadav yo gen pou lave tout rad sou li, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 19:14Moyiz desann soti sou mòn lan, l' al bò kote pèp la. Li fè yo mete tèt yo nan kondisyon pou fè sèvis pou Seyè a. Yo lave rad yo.
Leviticus 11:40Moun ki manje nenpòt moso nan vyann bèt mouri a gen pou l' lave rad sou li epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye jouk aswè. Moun ki pote kadav la al jete gen pou l' lave rad sou li, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè.
Leviticus 14:46Tout moun ki te antre anndan kay la lè kay la te fèmen an p'ap nan kondisyon pou sèvi Bondye jouk aswè rive.
Leviticus 15:5Tout moun ki manyen kabann lan gen pou lave rad ki sou yo, yo gen pou yo benyen nan gwo dlo, epi yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.
Leviticus 15:13Apre nonm ki te gen ekoulman an fin geri, li gen pou l' tann sèt jou anvan li fè sèvis ki pou mete l' nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Lè sa a, l'a lave rad ki sou li, l'a benyen nan dlo dous. Se konsa l'a vin nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.
Leviticus 16:26Nonm ki te al lage bouk kabrit la pou Azazèl nan dezè a gen pou l' lave tout rad ki sou li, epi pou l' pran yon bon beny nan gwo dlo, anvan li tounen nan kan kote moun yo rete a.