Leviticus 5:2
Si yon moun rive manyen, san li pa konnen, yon bagay moun k'ap sèvi Bondye pa gen dwa manyen, tankou kadav yon bèt ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye, li te mèt yon bèt nan bwa, li te mèt yon bèt kay, li te mèt yon bèt k'ap trennen sou vant, lè l' rive konnen sa l' fè a, li menm tou li pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, epi li antò pou sa l' fè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 5:4Si yon moun kite bouch li mennen l', epi li sèmante, li di l'ap fè yon bagay, se ka yon move bagay osinon yon bon bagay, lè l' vin rekonèt sa, se pou l' peye sa l' fè a.
Leviticus 7:21Si yon moun manje nan vyann yo ofri bay Seyè a apre li fin manyen yon bagay ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, kit se yon moun, kit se yon bèt, kit se nenpòt lòt bagay, se pou yo mete l' deyò nèt nan mitan pèp Bondye a.
Leviticus 11:24Depi yon moun manyen kadav yonn nan bèt sa yo, li pa nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè.
Deuteronomy 14:8Konsa tou, piga nou manje vyann kochon, paske atout li gen zago li yo fann an de, li pa remoute manje. Se yon bèt ki pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye pou nou manje. Piga nou janm manje vyann yo ni piga nou janm manyen kadav yo.
Isaiah 52:11Wete kò nou nan lavil Babilòn! Wete kò nou! Pati ale! Pa manyen anyen nou pa dwe manyen! Wete kò nou nan mitan lavil la. Mete nou nan kondisyon pou nou fè sèvis pou Bondye, nou menm k'ap pote veso ki apa pou sèvis Seyè a.
Luke 11:44Malè pou nou! Paske, nou tankou tonm ki ra tè: moun ap mache sou yo san yo pa konnen.