Leviticus 15:13
Apre nonm ki te gen ekoulman an fin geri, li gen pou l' tann sèt jou anvan li fè sèvis ki pou mete l' nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Lè sa a, l'a lave rad ki sou li, l'a benyen nan dlo dous. Se konsa l'a vin nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 29:35W'a fè tou sa m' te ba ou lòd fè pou Arawon ansanm ak pitit gason l' yo. W'a pase sèt jou ap fè sèvis pou mete yo apa pou sèvis mwen.
Leviticus 8:33Pandan sèt jou, nou p'ap soti devan pòt Tant Randevou a, jouk lè y'a fini ak seremoni pou mete nou apa pou sèvis Bondye a, paske y'ap pran sèt jou pou fè seremoni pou ban nou pouvwa pou fè sèvis pou Bondye.
Leviticus 14:8Moun ki te malad la va lave rad ki te sou li yo, l'a kale tèt li nèt, l'a benyen nan gwo dlo, epi l'a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. Apre sa, l'a antre nan kan kote moun rete a, men li p'ap antre lakay li pandan sèt jou.
Leviticus 15:5Tout moun ki manyen kabann lan gen pou lave rad ki sou yo, yo gen pou yo benyen nan gwo dlo, epi yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.
Leviticus 15:28Lè san an va sispann koule, fanm lan va tann sèt jou. Se apre sa l'a nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye.
Numbers 19:11Depi yon moun manyen kadav yon moun mouri, pandan sèt jou apre sa, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye.