Leviticus 13:23
Men, si bouton an rete jan l' te ye a, y'a konnen se mak apse a ase li ye. Prèt la va fè konnen moun lan pa gen anyen, li toujou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
24Ou ankò, lè yon moun boule nan dife, si lè li konmanse geri, po a vin yon ti jan wouj e blan,
Cross References
Leviticus 13:26Men, si lè prèt la egzaminen l' li pa jwenn pwal blan ladan l', epi tach la pa pi fon pase rès po a, men li ta vle chanje koulè, prèt la va fèmen l' yon kote pou kont li pou sèt jou.
2 Chronicles 19:2Yon pwofèt yo te rele Jeou, pitit gason Anani an, vin kontre wa a, li di l' konsa: -Ki jan ou fè al ede moun k'ap fè mal? Ki jan ou rive fè zanmi ak moun ki pa vle wè Seyè a? Se poutèt sa, Seyè a fache sou ou anpil.
Job 40:4-Mwen pa t' konn sa m' t'ap di. Kisa pou m' reponn ou? Se fèmen pou m' fèmen bouch mwen.
Matthew 26:75Latou, Pyè vin chonje pawòl Jezi te di l' la: Anvan kòk chante, ou va gen tan di twa fwa ou pa janm konnen mwen. Pyè soti, li tonbe kriye jouk li pa t' kapab ankò.
Galatians 6:1Frè m' yo, si nou bare yon moun ap fè yon bagay ki mal, nou menm ki gen Lespri Bondye a nan kè nou, se pou nou mete l' nan bon chemen. Men, fè sa avèk dousè. Epi nou menm bò pa nou, veye kò nou pou nou pa tonbe nan tantasyon tou.