Leviticus 13:6
Apre sa, prèt la va egzaminen l' ankò. Si bouton an cheche, si li pa laji kò l' sou po a, prèt la va fè konnen moun lan nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye. Se yon bouton ase li te genyen. Lè sa a, moun lan va lave rad li, epi l'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 11:25Tout moun ki pote menm yon moso nan kadav yo gen pou lave tout rad sou li, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè.
Leviticus 11:40Moun ki manje nenpòt moso nan vyann bèt mouri a gen pou l' lave rad sou li epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye jouk aswè. Moun ki pote kadav la al jete gen pou l' lave rad sou li, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè.
Leviticus 14:8Moun ki te malad la va lave rad ki te sou li yo, l'a kale tèt li nèt, l'a benyen nan gwo dlo, epi l'a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. Apre sa, l'a antre nan kan kote moun rete a, men li p'ap antre lakay li pandan sèt jou.
1 Kings 8:38koute lapriyè y'ap fè nan pye ou. Lè nenpòt moun osinon tout pèp la va lapriyè nan pye ou, lè y'a règrèt sa yo fè a, lè y'a leve men yo nan direksyon Tanp lan pou yo lapriyè ou,
Psalms 19:12(019:13) Ki moun ki konnen tou sa li fè ki mal? Tanpri, Seyè, delivre m' anba sa mwen fè ki mal san m' pa konnen!
Ecclesiastes 7:20Pa gen moun k'ap mache dwat sou latè ki ka di tou sa l'ap fè byen, li pa janm fè sa ki mal.