Leviticus 14:8
Moun ki te malad la va lave rad ki te sou li yo, l'a kale tèt li nèt, l'a benyen nan gwo dlo, epi l'a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. Apre sa, l'a antre nan kan kote moun rete a, men li p'ap antre lakay li pandan sèt jou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 19:10Seyè a di Moyiz: -Ale bò kote pèp la. Fè yo pran jounen jòdi a ak jounen denmen an pou yo mete yo nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. Se pou yo lave rad yo.
Leviticus 8:6Lè sa a Moyiz fè Arawon ak pitit gason l' yo pwoche, li benyen yo nan dlo.
Leviticus 11:25Tout moun ki pote menm yon moso nan kadav yo gen pou lave tout rad sou li, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè.
Leviticus 13:6Apre sa, prèt la va egzaminen l' ankò. Si bouton an cheche, si li pa laji kò l' sou po a, prèt la va fè konnen moun lan nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye. Se yon bouton ase li te genyen. Lè sa a, moun lan va lave rad li, epi l'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye.
Leviticus 14:20L'a mete l' sou lotèl la ansanm ak farin ble melanje ak lwil la. Se konsa prèt la va fè sèvis pou mande padon pou moun lan, epi moun lan va nan kondisyon ankò pou l' fè sèvis Bondye.
Numbers 5:2-Bay moun pèp Izrayèl yo lòd pou yo mete deyò nan kan kote yo rete a tout moun ki gen move maladi po, moun ki gen ekoulman, osinon moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye paske yo manyen kadav moun mouri.