Lik 6:20
Lè sa a, Jezi gade disip li yo, li di yo: benediksyon pou nou menm ki pòv, paske Peyi kote Bondye Wa a, se pou nou li ye.
Bib La
In The King James Version
In Context
19Tout moun t'ap chache manyen l', paske te gen yon fòs ki t'ap soti nan Jezi ki t'ap geri yo tout.
Cross References
1 Samuel 2:8Li wete pòv yo nan lapenn yo, li bay endijan yo men pou yo soti nan mizè yo. Li fè yo chita menm kote ak grannèg yo. Li ba yo bèl pozisyon nan lasosyete. Fondasyon latè, se nan men Seyè a sa ye. Se sou yo li bati tou sa ki la.
Psalms 113:7Li bay pòv malere a men pou fè l' leve soti nan pousyè a. Li wete l' nan mizè.
Proverbs 19:1Pito ou pòv men ou se nèg serye pase pou w'ap bay manti epi pou ou sòt met sou li.
Isaiah 57:15Se mwen menm Bondye ki anwo nèt nan syèl la, Bondye ki la pou tout tan an, Bondye ki apa nèt la. Men sa mwen di: mwen rete yon kote ki anwo nèt, yon kote ki apa pou mwen nèt. Men mwen kanpe la avèk moun ki soumèt yo devan m', avèk moun ki gen lapenn tout bon pou sa yo fè ki mal, pou m' ka remoute kouraj yo, pou m' ba yo konfyans ankò.
Zephaniah 3:12Men, moun m'a kite nan lavil la se pòv malere yo ki pa kite lògèy vire tèt yo. Se anba zèl mwen y'a vin chache pwoteksyon.
Matthew 5:2Li tanmen moutre moun yo anpil bagay. Li di yo: