Leviticus 14:32
Men regleman pou yo swiv lè yon moun ki gen move maladi po pa gen dekwa pou l' ofri tou sa li te dwe ofri pou sèvis ki pou mete l' nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
33Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo:
Cross References
Leviticus 13:59Men regleman pou nou swiv lè yon rad fèt an lenn osinon an twal fen blan bay mak tankou li ta vle kanni, ou ankò lè nan yon moso twal, fil dwat osinon fil travè yo, kit yo fèt an lenn ou ankò an kenaf, bay mak tankou li ta vle kanni, ou ankò lè yon moso po osinon nenpòt bagay ki fèt an po bay mak tankou li ta vle kanni. Se konsa n'a konnen si moun k'ap sèvi Bondye ka sèvi osinon pa ka sèvi ak yo.
Leviticus 14:10Sou wityèm jou a, l'a pran de ti belye ki pa gen ankenn enfimite ak yon ti fenmèl mouton ki gen ennan epi ki pa gen ankenn enfimite. L'a pran tou de mamit farin melanje ak lwil oliv epi yon boutèy demi lit plen lwil oliv.
Leviticus 14:54Men regleman pou nou swiv lè yon moun gen move maladi po osinon pyas,
Psalms 136:23Li pa t' bliye nou lè nou te anba kou. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
1 Corinthians 1:27Se konsa, Bondye chwazi moun lèzòm konsidere tankou moun sòt pou l' fè moun ki gen bon konprann yo wont. Li chwazi moun lèzòm konsidere tankou moun ki fèb pou l' fè grannèg yo wont.