Numbers 19:11
Depi yon moun manyen kadav yon moun mouri, pandan sèt jou apre sa, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye.
Bib La
In The King James Version
He that toucheth the dead body of any man shall be unclean seven days.
In Context
Cross References
Leviticus 21:1Seyè a di Moyiz konsa: -Pale ak pitit Arawon yo, prèt yo. W'a di yo konsa: Lè yon prèt gen yon moun mouri nan fanmi l', piga li patisipe nan ankenn seremoni yo fè pou mò, pou sa pa mete l' nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye,
Leviticus 22:4Si yon gason nan branch fanmi Arawon an gen yon move maladi po osinon ekoulman, li p'ap ka manje nan ofrann yo mete apa pou Bondye toutotan li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. Konsa tou, si yon prèt manyen yon kadav, osinon yon nonm ki gen ekoulman, li pa nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye a.
Numbers 6:6Pandan tout tan l'ap viv apa pou Bondye a, piga li janm pwoche bò yon kadav moun mouri,
Numbers 9:10-Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo pou mwen: Lè yonn nan nou, osinon yonn nan pitit pitit nou yo, twouve li pa ta nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, paske li te manyen kadav yon moun mouri, ou ankò si li ta nan vwayaj byen lwen, l'a toujou ka fete fèt Delivrans lan pou Bondye.
Numbers 31:19Men, nou menm ki touye moun osinon ki manyen kadav moun mouri, nou pral rete sèt jou andeyò limit kan an. Sou twazyèm jou a ak sou setyèm jou a n'a fè sèvis pou mete nou nan kondisyon, nou menm ak tout prizonye nou yo, pou nou ka fè sèvis Bondye.
Ezekiel 39:12Moun Izrayèl yo pral pran sèt mwa pou yo antere tout kadav yo, anvan pou peyi a nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye ankò.