The Bible Software
bible.software › Leviticus › Leviticus 16 › Leviticus 16:17

Leviticus 16:17

Depi Arawon antre nan kote ki apa nèt pou Seyè a pou l' fè sèvis pou mande padon an jouk lè li soti, lòt moun pa gen dwa anndan tant Randevou a. L'a fè sèvis la pou li menm, pou fanmi l' ak pou tout moun pèp Izrayèl yo.

Bib La

In The King James Version

And there shall be no man in the tabernacle of the congregation when he goeth in to make an atonement in the holy place, until he come out, and have made an atonement for himself, and for his household, and for all the congregation of Israel.

In Context

16Se konsa, poutèt tout peche ak tout mechanste pèp la fè yo, epi poutèt moun nan pèp la ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, Arawon va fè sèvis pou mande Bondye fè gras pou kote ki apa nèt pou li a. L'a fè sa tou pou Tant Randevou a, paske tant lan kanpe nan mitan pèp la ak tout moun nan pèp la ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.

18Lèfini, l'a soti, l'a ale bò kote lotèl pou boule ofrann lan, l'a fè sèvis pou wete peche pou li tou. Epi, l'a pran nan san ti towo bèf la ak nan san bouk kabrit la, l'a mete sou kat kòn ki sou kat kwen lotèl la.

Read all of Leviticus 16

Cross References

Leviticus 16:10Men, l'a pran bouk kabrit ki soti pou Azazèl la, y'a prezante l' tou vivan devan Seyè a. Apre sa, lè y'a fin fè sèvis sou li pou wete peche pou pèp la, y'a lage l' nan dezè a pou l al jwenn Azazèl.

Isaiah 53:6Nou te tankou mouton ki te pèdi bann, chak moun bò pa yo. Men, chatiman ki pou te tonbe sou nou an, Seyè a fè l' tonbe sou li.

Luke 1:10Tout mas pèp la t'ap lapriyè deyò, antan Zakari menm te anndan ap ofri lansan an.

1 Timothy 2:5Se yon sèl Bondye a ki genyen. Se yon sèl moun tou ki mete lèzòm dakò ak Bondye ankò, se Jezi, Kris la.

Hebrews 9:7Men, se granprèt la ase ki gen dwa antre nan dezyèm ti tant lan. Li fè l' yon sèl fwa chak lanne. Lè sa a, li pote san bèt yo te ofri bay Bondye a pou tèt pa l' ansanm ak pou peche pèp la fè san yo pa t' konnen.

1 Peter 3:18Paske, Kris la menm mouri yon sèl fwa pou peche nou yo, li p'ap janm mouri ankò. Li menm ki t'ap mache dwat devan Bondye, li mouri pou moun ki pa t'ap mache dwat yo, pou l' te ka mennen nou bay Bondye. Li te mouri nan kò l', men ak pouvwa Lespri Bondye a, li leve vivan ankò.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Leviticus 16:17

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Leviticus 16:16Leviticus 16Leviticus 16:18 →