Hebrews 9:7
Men, se granprèt la ase ki gen dwa antre nan dezyèm ti tant lan. Li fè l' yon sèl fwa chak lanne. Lè sa a, li pote san bèt yo te ofri bay Bondye a pou tèt pa l' ansanm ak pou peche pèp la fè san yo pa t' konnen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 5:18L'a pran yon belye nan bèt li yo, yonn ki pa gen ankenn enfimite, l'a pote l' bay prèt la. Prèt la menm va ofri l' pou peye pou sa moun lan te fè ki mal. Y'a kalkile pri bèt la dapre sistèm lajan yo sèvi nan kay Bondye a. Prèt la va fè ofrann lan pou peye pou sa moun lan te fè san l' pa t' konnen an, epi Bondye va padonnen l' sa.
Leviticus 16:34Men regleman pou nou swiv tout tan tout tan. Se yon sèvis pou yo fè yon fwa chak lanne pou mande padon pou peche pèp Izrayèl la. Yo te fè tout bagay jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè a.
2 Chronicles 33:9Men, Manase te lakòz pèp Jida a ak moun lavil Jerizalèm yo pèdi tèt yo, yo fè pi mal pase nasyon Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou yo.
Psalms 95:10Pandan karantan, ras moun sa yo ban m' degoutans. Mwen te di: Y'ap fè move lide nan tèt yo. Yo derefize obeyi kòmandman mwen yo.
Isaiah 9:16Moun k'ap dirije pèp la fè l' pèdi chemen l'. Pèp la lage kò l' nan bwa.
Isaiah 29:14Se poutèt sa, mwen pral fè yon lòt seri mèvèy ak mirak devan je yo. Mwen pral detounen bon konprann moun save yo. Moun lespri yo ak tout konesans yo p'ap konprann anyen.