Leviticus 16:30
Paske, jou sa a y'a fè sèvis pou wete yo anba tout peche yo, pou yo ka parèt nan bon kondisyon devan Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 51:2(051:4) Lave m', foubi m' pou wete fòt mwen fè a. Netwaye m' pou efase peche m' lan.
Psalms 51:10(051:12) O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m'. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m' sa kenbe fèm.
Ezekiel 36:25M'ap benyen nou nan bon dlo klè pou nou ka vin nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. M'ap mete nou nan kondisyon pou sèvi m', m'ap wete tout vye bagay derespektan nou t'ap fè yo ak tout zidòl nou yo.
Titus 2:14Li te asepte mouri pou nou pou li te ka delivre nou anba mechanste, pou li te fè nou tounen yon pèp ki nan kondisyon pou sèvi li, ki rele li pa li, epi ki toujou pare pou fè sa ki byen.
Hebrews 10:1Lalwa Moyiz la pa t' menm yon bon pòtre bagay ki la tout bon yo. Se yon senp lonbraj benediksyon ki gen pou vini yo li ye. Moun ki pwoche bò kote Bondye avèk menm kalite ofrann bèt y'ap plede ofri chak lanne san rete a, moun sa yo, lalwa pa ka fè yo vin bon nèt.