Leviticus 16:4
Men ki jan pou Arawon abiye lè l'ap antre nan kay Bondye a. L'a mete rad seremoni pou prèt yo mete lè y'ap fè sèvis pou Bondye. L'a mete chemiz twal fen blan an ak kalson twal fen blan an, l'a mare sentiwon twal fen blan an nan ren l' ak mouchwa tèt twal fen blan an nan tèt li. L'a lave kò l' nan gwo dlo anvan la mete yo sou li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 28:39W'a fè chemiz la ak mouchwa tèt la ak twal fen blan, ansanm ak yon sentiwon bwode byen bèl.
Exodus 30:20Lè y'ap antre nan Tant Randevou a, y'a lave men yo ak pye yo nan dlo sa a. y'a fè menm jan an tou lè y'ap pwoche bò lòtèl la pou fè sèvis pou ofri Seyè a bèt ki fèt pou boule nèt nan dife a pou li. Konsa, yo p'ap mouri.
Exodus 40:12Apre sa, w'a fè Arawon ak pitit gason l' yo pwoche bò kote yo antre nan Tant Randevou a. W'a pran dlo, w'a benyen yo byen benyen.
Leviticus 6:3ou ankò si li jwenn bagay lòt la te pèdi epi li manti, li sèmante li pa t' jwenn li, pou tout bagay mal sa yo yon moun ka fè, se pou yo fè yon ofrann.
Leviticus 8:6Lè sa a Moyiz fè Arawon ak pitit gason l' yo pwoche, li benyen yo nan dlo.
Isaiah 53:2Li te grandi devan Bondye tankou yon ti plant ki tou fèb, tankou yon ti kreyòl ki pouse nan tè sèk. Li pa t' bèl gason, li pa t' gen anyen nan li ki pou ta fè nou vire gade l'. Li pa t' sanble anyen ki ta ka fè nou kontan ret gade l'.