The Bible Software
bible.software › Leviticus › Leviticus 16 › Leviticus 16:3

Leviticus 16:3

Lè l'ap antre nan kote ki apa nèt pou Bondye a, li gen pou l' pote yon jenn ti towo ak yon belye. Ti towo a va sèvi pou mande Bondye padon, epi y'a boule belye a nèt pou Seyè a.

Bib La

In The King James Version

Thus shall Aaron come into the holy place: with a young bullock for a sin offering, and a ram for a burnt offering.

In Context

2Seyè a di Moyiz konsa: -Pale ak Arawon, frè ou la, pou l' pa antre nenpòt kilè, nenpòt ki jan dèyè rido a nan kote ki apa pou mwen an, devan kouvèti espesyal ki sou Bwat Kontra a. Paske se la, sou kouvèti ki sou bwat kontra a, mwen parèt nan yon nwaj. Si li pa swiv lòd sa a, li ka mouri.

4Men ki jan pou Arawon abiye lè l'ap antre nan kay Bondye a. L'a mete rad seremoni pou prèt yo mete lè y'ap fè sèvis pou Bondye. L'a mete chemiz twal fen blan an ak kalson twal fen blan an, l'a mare sentiwon twal fen blan an nan ren l' ak mouchwa tèt twal fen blan an nan tèt li. L'a lave kò l' nan gwo dlo anvan la mete yo sou li.

Read all of Leviticus 16

Cross References

Leviticus 1:3Si se yon gwo bèt li vle ofri pou yo boule pou Seyè a, l'a mennen yon towo bèf ki pa gen ankenn enfimite. L'a vin avè l' jouk devan pòt Tant Randevou a pou Seyè a ka asepte l'.

Leviticus 4:3Si se granprèt la ki fè yon peche konsa epi ki lakòz tout pèp la ap sibi chatiman, granprèt la va mennen yon ti towo bèf san ankenn enfimite, l'a ofri l' bay Seyè a pou peche l' la.

Leviticus 8:18Apre sa, Moyiz fè mennen belye mouton ki pou boule nèt pou Seyè a. Arawon ak pitit gason l' yo mete men yo sou tèt li.

Leviticus 9:3Apre sa, w'a mande moun pèp Izrayèl yo pou yo pran yon bouk san ankenn enfimite ki pou sèvi ofrann pou yo boule nèt pou Seyè a, yon ti towo san ankenn enfimite ki gen ennan ak yon ti mouton san ankenn enfimite ki gen ennan ki pou sèvi ofrann pou peye pou sa pèp la fè ki mal.

Hebrews 9:7Men, se granprèt la ase ki gen dwa antre nan dezyèm ti tant lan. Li fè l' yon sèl fwa chak lanne. Lè sa a, li pote san bèt yo te ofri bay Bondye a pou tèt pa l' ansanm ak pou peche pèp la fè san yo pa t' konnen.

Hebrews 9:24Kris la pa t' antre nan yon kay moun te bati pou Bondye sou modèl kay Bondye a. Li antre nan syèl la menm, kote li kanpe koulye a devan Bondye pou nou.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Leviticus 16:3

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Leviticus 16:2Leviticus 16Leviticus 16:4 →