Leviticus 17:15
Mwen pa bezwen konnen si se moun pèp Izrayèl la osinon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou, depi yon moun manje vyann yon bèt mouri osinon vyann bèt yon lòt bèt nan bwa ta touye, l'a gen pou l' lave rad ki sou li, l'a benyen nan gwo dlo, epi li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè. Se aprè sa l'a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Men, si li pa lave rad ki sou li yo, si li pa benyen nèt, l'a peye sa l' fè a.
Cross References
Exodus 22:30N'a ban mwen tou premye pitit bèf nou yo ak premye pitit mouton nou yo. Ti bèt la va pase sèt jou avèk manman l'. Sou wityèm jou a n'a ofri l' ban mwen.
Leviticus 11:24Depi yon moun manyen kadav yonn nan bèt sa yo, li pa nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè.
Leviticus 11:27Konsa tou, tout bèt ki mache sou kat pa t' men ki pa gen zago, yo pa bon pou nou manje. Depi yon moun manyen kadav yonn nan bèt sa yo, li pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye jouk aswè.
Leviticus 11:31Wi, tout bèt sa yo pa bon pou nou manje. Si yon moun annik manyen kadav yonn nan bèt sa yo, l'a nan kondisyon pou l' pa fè sèvis pou Bondye jouk aswè.
Leviticus 11:39Lè yon bèt nou ka manje rete konsa li mouri, tout moun ki manyen kadav li p'ap kapab fè sèvis pou Bondye jouk aswè.
Leviticus 15:5Tout moun ki manyen kabann lan gen pou lave rad ki sou yo, yo gen pou yo benyen nan gwo dlo, epi yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.