Leviticus 17:7
Se pou moun pèp Izrayèl yo sispann ofri bèt pou yo touye bay zidòl nan jaden tankou yo te konn fè lè yo te vire do bay Bondye a. Se pou pèp la toujou kenbe lòd sa a de pitit an pitit.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 22:20Si yon moun ofri bèt pou yo touye pou lòt bondye pase Seyè a, se pou yo disparèt li tankou bèt y'ap ofri bay Bondye.
Exodus 32:8Yo gen tan kite chemen mwen te mande yo swiv la. Yo pran lò, yo fonn li, yo fè estati yon ti towo bèf, yo tonbe fè sèvis pou li, yo touye bèt ofri ba li, epi yo di: Pèp Izrayèl, men bondye nou an. Se li ki te fè nou soti kite peyi Lejip la.
Leviticus 3:17Piga nou janm manje ni grès ni san. Sa se yon regleman pou nou swiv, de pitit an pitit, kote nou pase.
Deuteronomy 31:16Seyè a di Moyiz: -Ou pral mouri. Ou pa lwen al jwenn zansèt ou yo ki mouri deja. Men, apre ou fin mouri, pèp la pral leve, yo pral vire do ban mwen pou y' al kouri dèyè lòt bondye y'ap sèvi nan peyi lòt nasyon kote nou pral antre a. Wi, yo pral lage m', yo pral kase kontra m' te pase avèk yo a.
2 Chronicles 11:15Jewoboram te chwazi prèt pa l' pou fè sèvis kote yo fè ofrann bèt pou lòt bondye li t'ap sèvi sou fòm estati bouk kabrit ak ti towo bèf li te fè fè pou li yo.
Jeremiah 3:1Seyè a di ankò: -Lè yon nonm divòse ak madanm li, si apre madanm lan fin kite avè l', li al fè afè ak yon lòt gason, èske premye nonm lan ap tounen ak madanm lan ankò? Eske si sa ta rive fèt se p'ap yon gwo bagay derespektan ki t'ap rive nan peyi a? Konsa tou, nou menm pèp Izrayèl, nou te tankou yon fanm ki te gen anpil nonm pou jan nou te kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye. Epi koulye a nou ta renmen tounen vin jwenn mwen? Se mwen menm Seyè a ki di sa.