Leviticus 17:8
Epi w'a di yo ankò: Ankenn moun nan pèp Izrayèl la, ni moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo pa gen dwa touye bèt yo ofri ni pou yo boule nèt ni pou lòt kalite sèvis
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 17:4depi se pa devan pòt Tant Randevou a li touye l' pou l' ofri l' bay Seyè a la devan kay Seyè a, moun sa a koupab, li fè yon krim, li fè san koule. Se pou yo wete l' nèt nan mitan moun pèp Bondye a.
Joshua 22:11Lòt moun pèp Izrayèl yo vin konn sa. Moun te vin di yo: -Men moun Woubenn yo, moun Gad yo ak mwatye moun Manase yo bati yon lotèl toupre larivyè Jouden sou fwontyè peyi Kanaran an, sou bò peyi moun Izrayèl yo.
Joshua 22:16-Men sa tout moun pèp Izrayèl yo voye di nou: Ki bagay lèd sa a nou fè konsa kont Bondye pep Izrayèl la? Poukisa jòdi a nou vire do bay Seyè a, n' al bati yon lotèl pou tèt pa nou? Poukisa nou leve kont Seyè a jòdi a?
1 Samuel 7:9Samyèl pran yon ti mouton dèyè manman, li boule l' nèt, li ofri l' bay Seyè a. Lèfini, Samyèl lapriyè Seyè a pou l' vin ede pèp Izrayèl la. Seyè a reponn lapriyè a.
1 Samuel 16:2Samyèl di li: -Ki jan ou vle mwen fè bagay konsa? Si Sayil vin konn sa, l'a touye m'. Seyè a reponn li: -Pran yon jenn ti gazèl avè ou, epi w'a di: Mwen vin fè yon sèvis ofrann bèt pou Seyè a.
1 Kings 18:30Lè sa a, Eli mande pèp la pou yo pwoche bò kote l'. Lè yo pwoche vin jwenn li, li rebati lotèl Seyè a paske yo te kraze l'.