Leviticus 3:17
Piga nou janm manje ni grès ni san. Sa se yon regleman pou nou swiv, de pitit an pitit, kote nou pase.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 9:4Tansèlman, se pa pou n' manje vyann ak tout san ladan l', paske san yon bèt se nanm li.
Exodus 28:43Se pou Arawon ak pitit gason l' yo toujou pote kalson yo lè y'ap antre nan Tant Randevou a, osinon lè y'ap pwoche bò lòtèl la pou fè sèvis nan kote ki apa pou Bondye a. Konsa, yo p'ap fè sa ki mal, yo p'ap mouri. Sa se yon lwa k'ap la pou tout tan pou Arawon ak tout pitit pitit gason li yo apre li.
Leviticus 6:15Apre sa, l'a pran yon ponyen farin nan ofrann grenn lan tou melanje ak lwil ansanm ak tout lansan an, l'a boule l' sou lotèl la pou Seyè a pa janm bliye moun ki fè ofrann lan, ki vle di se tout yo ofri bay Seyè a. Sant ofrann yo boule a va fè Seyè a plezi.
Leviticus 7:23-Men sa pou di moun pèp Izrayèl yo: Piga nou janm manje grès bèf, grès kabrit osinon grès mouton.
Leviticus 7:26Nenpòt ki kote nou ye, piga nou janm manje san zwazo, ni san ankenn lòt bèt.
Leviticus 10:9-Ni ou menm, ni pitit gason ou yo, nou pa fèt pou nou bwè diven ni ankenn gwòg lè se jou nou gen pou nou antre nan Tant Randevou a. Si nou fè sa n'a mouri. Sa se yon regleman pou nou swiv tout tan, nou menm, pitit nou yo ak pitit pitit nou yo.