Leviticus 18:2
-Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo: Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!
Bib La
In The King James Version
Speak unto the children of Israel, and say unto them, I am the LORD your God.
In Context
1Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
Cross References
Genesis 17:7M'ap kenbe kontra m' lan avè ou, avèk tout ras ou. De pitit an pitit, se va yon kontra k'ap la pou tout tan. Se mwen k'ap Bondye ou, se mwen k'ap Bondye pitit pitit ou yo tou.
Exodus 20:2-Se mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti nan peyi Lejip kote nou te esklav la.
Leviticus 18:4Se pou nou swiv lòd mwen ban nou. Se pou nou fè sa mwen di nou fè. Se pou nou mache dapre prensip mwen ban nou. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.
Leviticus 19:3Se pou nou tout respekte manman ak papa nou. Se pou nou respekte regleman jou repo mwen yo. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!
Leviticus 19:34Se pou nou aji ak yo menm jan nou gen pou nou aji ak moun natif natal peyi a. Se pou nou renmen yo tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Pa bliye nou menm tou yon lè nou te rete nan peyi Lejip ki pa t' peyi pa nou! Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!
Leviticus 20:23Piga nou swiv move mès moun lòt nasyon mwen te mete deyò pou nou te ka antre nan peyi a. Yo te ban m' degoutans ak tout move bagay yo t'ap fè a.