Leviticus 18:3
Piga nou janm fè menm jan ak moun peyi Lejip kote nou te ye a, ni tankou moun peyi Kanaran kote mwen pral mennen nou an. Piga nou swiv mès yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
2-Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo: Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!
Cross References
Leviticus 18:24Piga nou janm fè bagay sa yo k'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fè sèvis Bondye. Se bagay konsa pèp lòt nasyon ki t'ap viv nan peyi a anvan nou yo te konn fè. Se poutèt sa Seyè a ap mete yo deyò pou nou ka pran plas yo.
Deuteronomy 12:4Nou pa fèt pou nou sèvi Seyè a, Bondye nou an, jan moun sa yo te konn sèvi bondye yo.
Deuteronomy 29:17Nou te wè tout vye bagay yo t'ap fè, ak tout zidòl fèt an bwa, osinon ak wòch, osinon an ajan oswa an lò yo te gen lakay yo.
Jeremiah 10:2Li di konsa: -Piga nou swiv lòt nasyon yo. Nou pa bezwen pèdi tèt nou lè nou wè siy nan syèl la. Se moun lòt nasyon yo ki pou pè lè konsa.
Ezekiel 23:8Li pa t' sispann fè metye jennès li te aprann nan peyi Lejip la. Depi lè li te jenn ti nègès, gason ap kouche l', y'ap woule tete l', y'ap sèvi avè l' tankou yon jennès.
Ephesians 5:7Nou pa gen anyen pou nou wè ak moun konsa.