Leviticus 19:14
Piga ou madichonnen moun soud. Piga ou mete ankenn bagay sou chemen moun avèg pou fè yo tonbe. Se pou nou gen krentif pou mwen. Se mwen menm ki Seyè a!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 42:18Sou twazyèm jou a, Jozèf di yo: -Men sa pou n' fè, si nou vle sove lavi nou: Mwen menm mwen se moun ki respekte Bondye.
Leviticus 25:17Pa fè lajan sou do moun pèp Izrayèl parèy nou. Men, se pou nou gen krentif pou Bondye nou, paske se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.
Nehemiah 5:15Gouvènè ki te la anvan m' yo te konn ap peze pèp la: chak jou yo te konn pran karant pyès an ajan pou pen ak diven. Ata moun ki t'ap travay avèk yo te konn ap peze pèp la tou. Men mwen menm, mwen pa t' fè sa, paske mwen te gen krentif Bondye.
Romans 12:14Mande Bondye pou l' beni moun k'ap pèsekite nou; mande benediksyon, pa mande madichon pou yo.
1 Corinthians 8:8Men, manje pa ka fè nou vin pi pre Bondye. Nou pa pèdi anyen lè nou pa manje yon kalite manje, ni nou pa genyen anyen lè nou manje yon lòt kalite.
1 Peter 1:17Si lè n'ap lapriyè nou rele Bondye: Papa, li menm ki p'ap gade sou figi moun men k'ap jije tout moun menm jan dapre sa yo fè, se pou nou viv ak krentif pou Bondye pandan ti tan ki rete pou nou pase sou tè a.