Leviticus 19:15
Piga nou fè lenjistis lè nou nan tribinal. Piga nou fè patipri pou pòv. Piga nou achte figi grannèg. N'a rann jistis pou tout frè parèy nou san fè paspouki.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 23:2Pa konprann pou nou fè sa ki mal paske nou wè se sa tout moun ap fè. Lè n'ap sèvi temwen nan yon pwose, piga nou pran pati pou bò ki gen plis moun lan lè nou konnen se yo ki antò.
Exodus 23:6Lè yon malere nan pwose, pa anpeche yo fè l' jistis.
Deuteronomy 1:17Nou p'ap nan achte figi lè n'ap jije yon bagay. Se pou nou jije tout moun menm jan, kit se yon ti malere, kit se yon grannèg. Nou pa bezwen pè pesonn paske n'ap jije dapre prensip Bondye bay. Lè se yon ka ki twò difisil pou nou, n'a pote l' vin devan mwen, m'a jije l' mwen menm.
Deuteronomy 25:13Nou pa gen dwa gen de kalite pwa nan sakit nou pou pran pèz, yonn ki bon, yonn ki pa bon,
2 Chronicles 19:6Li di jij yo: -Kalkile byen travay nou pral fè a, paske nou pa pral jije nan non yon moun, men nan non Seyè a. L'ap kanpe la bò kote nou lè n'ap rann jijman.
Psalms 82:2Li di: -Kilè n'a sispann fè mechanste lè n'ap jije? Kilè n'a sispann achte figi mechan yo?