Leviticus 19:27
Lè nou gen moun mouri, piga nou koupe pafouten nou raz, piga nou taye pwent bab nou,
Bib La
In The King James Version
Ye shall not round the corners of your heads, neither shalt thou mar the corners of thy beard.
In Context
Cross References
Deuteronomy 14:1Seyè a, Bondye nou an, konsidere nou tankou pwòp pitit li. Lè nou gen moun mouri, piga nou kòche kò nou ak kouto, ni piga nou kale devan tèt nou.
Isaiah 15:2Moun peyi Moab yo ap kouri moute lavil Dibon, sou tèt mòn yo pou y' al kriye. Moun peyi Moab yo pral plenn tèlman y'ap nan lapenn pou lavil Nebo ak lavil Medeba. Yo taye tout cheve nan tèt yo, yo koupe tout bab nan figi yo.
Jeremiah 16:6Tout moun nan peyi a pral mouri, rich kou pòv. Yo p'ap antere yo. Pesonn p'ap kriye pou yo. Pesonn p'ap ni make kò yo ak kouto, ni koupe cheve nan tèt yo, pou moutre yo nan lapenn pou yo.
Ezekiel 7:18Yo pral mete rad sak sou yo. Yo pral tranble nan tout kò yo. Yo pral wont, y'ap kale tèt yo nèt.