Leviticus 19:28
piga nou make kò nou avèk kout kouto, ni piga nou fè desen ak lank sou kò nou. Se mwen menm ki Seyè a!
Bib La
In The King James Version
In Context
27Lè nou gen moun mouri, piga nou koupe pafouten nou raz, piga nou taye pwent bab nou,
Cross References
Leviticus 21:1Seyè a di Moyiz konsa: -Pale ak pitit Arawon yo, prèt yo. W'a di yo konsa: Lè yon prèt gen yon moun mouri nan fanmi l', piga li patisipe nan ankenn seremoni yo fè pou mò, pou sa pa mete l' nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye,
Deuteronomy 14:1Seyè a, Bondye nou an, konsidere nou tankou pwòp pitit li. Lè nou gen moun mouri, piga nou kòche kò nou ak kouto, ni piga nou kale devan tèt nou.
Jeremiah 16:6Tout moun nan peyi a pral mouri, rich kou pòv. Yo p'ap antere yo. Pesonn p'ap kriye pou yo. Pesonn p'ap ni make kò yo ak kouto, ni koupe cheve nan tèt yo, pou moutre yo nan lapenn pou yo.
Mark 5:5Tout tan, lajounen kou lannwit, li t'ap pwonmennen nan mitan tonm yo osinon sou ti mòn yo. Li t'ap rele san rete, li t'ap matirize kò l' ak kout wòch.
Revelation 14:9Yon twazièm zanj t'ap swiv de premie yo. Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: Moun ki adore bèt la ansanm ak estati li a, moun ki resevwa mak bèt la sou fwon yo osinon sou men yo,
Revelation 15:2Apre sa, mwen wè yon bagay ki te tankou yon lanmè fèt an kristal mele ak dife. Mwen wè tou moun ki te genyen nan batay yo t'ap mennen kont bèt la, kont estati l' la, kont moun ki gen yon nimewo ki koresponn ak non l' lan. Yo tout yo te kanpe bò lanmè kristal la, yo te gen nan men yo gita Bondye te ba yo a.