Leviticus 2:14
Lè w'ap ofri bay Seyè a premye grenn ki bon yo, w'a ofri grenn griye nan dife ak farin ble.
Bib La
In The King James Version
In Context
15W'a mete lwil oliv sou li ansanm ak lansan. Se konsa w'a ofri l' bay Seyè a.
Cross References
Genesis 4:3Kèk tan apre sa, Kayen pran nan rekòt li, li ofri bay Seye a.
Leviticus 23:10-Pale ak moun pèp Izrayèl yo. Men sa pou ou di yo. Lè n'a antre nan peyi m'ap ban nou an, lè n'a fin ranmase premye rekòt grenn nan jaden nou, n'a pran premye makout la, n'a pote l' bay prèt la.
Leviticus 23:14Piga nou pran nan grenn nou fèk rekòlte yo ni pou nou manje kri, ni pou nou griye, ni pou nou fè pen, toutotan nou pa pote ofrann premye grenn yo bay Seyè a. Se va yon regleman pou nou swiv tout tan, de pitit an pitit, kote nou pase.
Numbers 28:2-Men lòd w'a bay moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Se pou yo toujou chonje dat pou yo fè ofrann yo, dat pou yo vin pote ofrann y'ap boule nèt pou mwen nan dife, ofrann k'ap fè m' plezi ak bon sant yo.
2 Kings 4:42Yon lòt fwa ankò, yon nonm soti lavil Baal Chalicha, li pote yon sak pwovizyon fè Elize kado. Nan sak la te gen ven pen li te fè ak premye grenn lòj li te rekolte pou lanne a ansanm ak yon pakèt grap lòj li te fèk koupe. Elize di domestik li a pou li sèvi yo bay pwofèt yo manje.
Isaiah 53:2Li te grandi devan Bondye tankou yon ti plant ki tou fèb, tankou yon ti kreyòl ki pouse nan tè sèk. Li pa t' bèl gason, li pa t' gen anyen nan li ki pou ta fè nou vire gade l'. Li pa t' sanble anyen ki ta ka fè nou kontan ret gade l'.