Leviticus 21:9
Si pitit fi yon prèt tonbe nan fè jennès, l'ap avili papa l', y'a boule l' nan dife pou touye l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 38:24Sou twa mwa konsa, yo vin di Jida: -Tama, bèlfi ou la, lage kò l' nan jennès. Li gen tan ansent. Jida di yo: -Pran l', mennen l' deyò lavil la. Mete dife anwo l' jouk li mouri.
Leviticus 20:14Si yon nonm marye ak yon fi ansanm ak manman fi a tou, se bagay ki sal nèt yo fè la a. Se pou yo boule tou twa nan dife. Bagay konsa pa fèt pou fèt nan mitan nou.
Joshua 7:25Epi Jozye di Akan konsa: -Poukisa ou rale tout malè sa a sou tèt nou? Jòdi a, Seyè a pral fè malè tonbe sou ou! Epi tout moun pèp Izrayèl yo pran wòch, yo kalonnen yo jouk yo touye yo. Yo boule tout bagay yo nan dife. Yo touye tout fanmi l' yo ak bèt li yo ak koutwòch.
1 Samuel 2:34Lè w'a wè de pitit gason ou yo, Ofni ak Fineas, tonbe mouri menm jou a, w'a konnen sa m' te di a se vre.
Isaiah 33:14Nan lavil Siyon, moun k'ap fè sa ki mal yo pral gen kè sere. Moun ki refize fè sa Bondye mande a pral tranble. Y'ap di: Jijman Bondye se tankou yon gwo dife k'ap boule san rete. Kilès nan nou ki ka chape anba yon dife konsa?
Malachi 2:3Mwen pral touye pitit nou yo. Mwen pral voye salte, tripay bèt nou ofri yo nan figi nou. Lèfini, m'ap voye nou jete ansanm ak yo.