Leviticus 22:18
-Pale ak Arawon ak pitit gason l' yo ak tout moun pèp Izrayèl la. Men sa w'a di yo: Lè yon moun nan pèp Izrayèl la, osinon yon moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a fè ofrann pou boule pou Seyè a, kit se paske li te fè yon ve, kit se paske li menm li fè lide fè ofrann lan,
Bib La
In The King James Version
In Context
17Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
Cross References
Leviticus 1:2-W'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo: Lè yon moun vle fè Seyè a yon ofrann, si se yon bèt li vle ofri, l'a ofri yon bèf osinon yon kabrit ou ankò yon mouton l'a pran nan bèt li yo.
Leviticus 7:16Si yon moun pote yon ofrann pou di Bondye mèsi, paske li te vle kenbe yon ve li te fè, ou ankò paske li vle fè yon ofrann konsa, yo pa bezwen manje tout vyann ofrann lan menm jou a. Men yo gen dwa kite rès pou denmen.
Leviticus 17:13Lè yon moun nan pèp Izrayèl la osinon yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo al lachas, si li pran yon bèt osinon yon zwazo yo gen dwa manje, l'a vide tout san bèt la atè epi la kouvri l' ak tè.
Numbers 15:3lè n'ap ofri yon towo bèf, osinon yon mouton, oswa yon kabrit pou yo boule nèt nan dife pou Seyè a, tankou yon ofrann ki pou fè Seyè a plezi ak bon sant li, kit se paske nou te fè yon ve, kit se paske nou menm nou te fè lide fè yon ofrann, osinon paske lè fèt n'ap fete pou mwen yo rive,
Deuteronomy 12:6Se la n'a pote ofrann pou boule nèt nan dife pou Seyè a ak lòt bèt n'ap ofri ba li, ladim nou yo ak kado nou yo, ofrann nou te pwomèt bay Bondye, ofrann nou leve konsa nou vle fè pou Bondye, premye pitit bèf nou yo, premye pitit kabrit nou yo ak premye pitit mouton nou yo.
Deuteronomy 16:10Apre sa, n'a fete Fèt Senmenn yo pou di Seyè a, Bondye nou an, mèsi. N'a pote ba li ofrann n'a vle dapre sa Seyè a va ban nou nan favè li.