The Bible Software
bible.software › Leviticus › Leviticus 22 › Leviticus 22:4

Leviticus 22:4

Si yon gason nan branch fanmi Arawon an gen yon move maladi po osinon ekoulman, li p'ap ka manje nan ofrann yo mete apa pou Bondye toutotan li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. Konsa tou, si yon prèt manyen yon kadav, osinon yon nonm ki gen ekoulman, li pa nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye a.

Bib La

In The King James Version

What man soever of the seed of Aaron is a leper, or hath a running issue; he shall not eat of the holy things, until he be clean. And whoso toucheth any thing that is unclean by the dead, or a man whose seed goeth from him;

In Context

3W'a di yo pou mwen: Lè yon gason nan fanmi nou pa nan kondisyon pou fè sèvis mwen, si li pwoche bò kote ofrann moun pèp Izrayèl yo mete apa pou mwen, piga yo janm kite l' parèt devan m' ankò! Se mwen menm ki Seyè a.

5Ou ankò si yon prèt manyen yonn nan bèt k'ap trennen sou vant yo, bèt ki ka mete l' nan kondisyon pou l' pa kapab fè sèvis Bondye, ou ankò si li manyen yon moun ki deja nan kondisyon sa a pou tèt pa l', prèt la tou pa ka fè sèvis Bondye.

Read all of Leviticus 22

Cross References

Leviticus 2:3Rès ofrann lan va rete pou Arawon ansanm ak pitit gason l' yo. Rès ofrann sa a apa nèt pou Seyè a, paske se nan manje yo ofri pou boule pou Seyè a li soti.

Leviticus 6:25-Men sa w'a di Arawon ak pitit gason l' yo. Men regleman pou yo swiv lè y'ap fè ofrann pou peche moun fè san yo pa konnen. Y'a touye bèt y'a ofri pou kalite peche sa yo sou bò nò lotèl la, kote yo touye bèt yo ofri pou boule a. Sa se yon ofrann yo mete apa nèt pou Seyè a.

Leviticus 11:39Lè yon bèt nou ka manje rete konsa li mouri, tout moun ki manyen kadav li p'ap kapab fè sèvis pou Bondye jouk aswè.

Leviticus 13:44l'a konnen se yon moun ki gen move maladi po. Prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, akòz move maladi po ki parèt sou tèt li a.

Leviticus 14:2-Men regleman w'a bay pou yo swiv lè y'ap fè sèvis pou moun ki geri apre yo te gen move maladi po. Jou pou yo rekonèt moun lan geri a, y'a mennen l' bay prèt la.

Leviticus 15:13Apre nonm ki te gen ekoulman an fin geri, li gen pou l' tann sèt jou anvan li fè sèvis ki pou mete l' nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Lè sa a, l'a lave rad ki sou li, l'a benyen nan dlo dous. Se konsa l'a vin nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Leviticus 22:4

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Leviticus 22:3Leviticus 22Leviticus 22:5 →