Exodus 12:11
Men ki jan pou nou ranje kò nou pou nou manje l': n'a mare ren nou, sapat nou nan pye nou, baton nou nan men nou. Se pou nou manje l' prese prese, paske se lè sa a Seyè a ap pase.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Pa kite anyen pou denmen maten. Si rete rès, se pou nou boule l' nan dife.
Cross References
Exodus 12:13San nou pase sou pòt yo va make kay kote nou ye a. Lè m'a wè san an, m'a sote kay nou. Konsa, lè m'ap frape peyi Lejip la, chatiman an p'ap tonbe sou nou tou.
Exodus 12:27n'a reponn yo: Se fèt Delivrans lan n'ap fete pou Seyè a, paske li te sote kay moun pèp Izrayèl yo nan peyi Lejip, lè li t'ap touye moun peyi Lejip yo. Konsa li pa t' fè nou anyen. Apre tout pawòl sa yo, tout moun pèp Izrayèl yo met ajenou, yo bese tèt yo atè pou adore Seyè a.
Leviticus 23:5N'a fete fèt Delivrans lan pou Seyè a chak lanne, nan katòzyèm jou premye mwa a. N'a konmanse fèt la lè solèy fin kouche.
Numbers 28:16Katòzyèm jou nan premye mwa a, n'a fete fèt Delivrans lan pou Seyè a.
Deuteronomy 16:2Pou fèt delivrans lan, n'a ofri bèf, kabrit ak mouton pou yo touye pou Seyè a, Bondye nou an, kote li te chwazi pou yo adore l' la.
2 Kings 23:21Wa Jozyas bay pèp la lòd pou yo fete fèt Delivrans lan pou fè lwanj Seyè a, Bondye yo a, jan sa ekri nan Liv Kontra a.