Leviticus 24:11
Manman nonm lan te rele Chelomit. Se te pitit fi Dibri, yon moun nan branch fanmi Dann lan. Pandan yo t'ap joure a, nonm lan nonmen non Bondye mal. Nan koze a, li derespekte Bondye. Se konsa yo pran l' mennen bay Moyiz.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 3:15Bondye di Moyiz ankò: -Men sa pou di moun pèp Izrayèl yo. Seyè a, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, voye m' bò kote nou. Wi, se konsa mwen rele. Se konsa y'ap toujou rele m' sou latè de tit an tit.
Exodus 18:26Yo te toujou la pou rann jistis pou pèp la. Yo te pote gwo zafè yo devan Moyiz. Men ti ka piti yo, yo te regle sa yo menm.
Leviticus 24:15Apre sa, w'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo: Lè yon moun derespekte Bondye, se pou l' peye pou sa l' fè a.
2 Samuel 12:14Sèlman, ak sa ou fè la a, ou moutre jan ou ka derespekte Seyè a. Se poutèt sa pitit ou fèk genyen an ap mouri.
1 Kings 21:13De vakabon vin rive, yo kanpe devan Nabòt, yo akize msye devan tout pèp la. Yo di li derespekte Bondye ansanm ak wa a. Lamenm, yo pran Nabòt, yo mennen l' andeyò limit lavil la, yo kalonnen li wòch jouk li mouri.
2 Kings 18:35Nan tout bondye sa yo, kilès ki te rive sove moun yo anba men l'? Poukisa atò se Seyè a ki pou ta sove lavil Jerizalèm anba men l'?